Fason pou w depoze plent konsènan lojman nan lòt lang ki pa angle
Fason pou w pote yon plent konsènan lojman:
Li ilegal pou fè diskriminasyon nan vant oswa lokasyon lojman, prè ipotèk, ak lòt tranzaksyon lojman ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, andikap, oswa kondisyon familyal (si ou gen timoun minè oswa ou ansent). Lwa a enpoze plis kondisyon pou benefisyè finansman HUD yo, ki gen ladan pran mezi rezonab pou bay bonjan aksè nan pwogram yo ak aktivite yo bay moun ki pa pale, li, ekri oswa konprann Anglè byen. Si ou kwè yo te fè diskriminasyon kont ou, ou ka depoze yon plent nan Biwo Lojman San Patipri ak Opòtinite Egalego (Office of Fair Housing and Equal Opportunity, FHEO) nan nimewo 1-800-669-9777 (oswa 1-800-927-9275 pou TTY). Lè ou rele, si ou pa pale oswa konprann angle byen, y ap mete yon entèprèt ki pale lang ou sou telefòn nan. Ou ka depoze yon plent avèk FHEO kit ou se yon sitwayen ameriken ou pa.
Ou kapab depoze yon plent sou entènèt la ak fòm plent diskriminasyon nan lojman na lang panyòl la tou.
Si w ap poste yon plent diskriminasyon nan lojman, ou ka telechaje oswa enprime fòm lan nan lang Arab, Kanbodyen, Chinwa, Koreyen, Ris, Somali, Panyòl, ak Vyetnamyen.
Lòt Resous Lengwistik:
Dokiman Sansibilizasyon nan Lang Angle ak Lòt Lang